“Se pa mikwo a. Se vwa a” dixit Anie Alerte


BEMAGZ

#JanmSotBA ki rele tèt li #MILYONÈ, pwomèt l ap mete #ajenou e bay #Wendy 1 MILYON DOLA, si chinwa yo arive fè desann paj #ThérielThélus yo.

Deklarasyon sa a fèt, aprè “milyonè” a ta fè entènot tande kote rapè a ta mansyone #TT ak #SEKSI nan yon mizik sou albòm tou nèf li a, ki soti sa ka gen anviwon 24è.

7 months ago | [YT] | 5

BEMAGZ

MARI et FEMME 💍 ?

Cette photo postée sur FB par #BlondedyFerdinand, comporte la mention suivante : “Mr & Mrs Danger 💕”

Doit-on comprendre qu’ils viennent de se dire oui?

1 year ago | [YT] | 2

BEMAGZ

YON JOUNEN FOUTBÒL AMERIKEN NAN #OKAY

Antanke jèn ki t’ap grandi nan vil OKAY, mwen te gen opòtinite pratike anpil spò.

Mwen te gen yon pakèt zanmi (Kondisip, Vwazen, Zanmi Zanmi ... etc.), ki te pataje menm pasyon avè m’ pou disiplin spòtiv yo. Nou te jwe Basketball, Football, Volley-ball, Badminton, Base-ball, Tennis ... Nou fè Karate 🥋 , Boxing 🥊 etc. Men, nan tout spò nou pratike, FOUTBÒL ZÈPÒL KARE a make Mwen anpil 😂. E se sa Mwen vin pataje avè n’ la a.

Yon Bon zanmi (kondisip Lekòl mwen) ki rele #PaulArthurFrancois (POLO), rantre so t’ an vakans avèk yon Balon oval koulè mawon, pra l’ eksplike m’ prensip jwèt sa a. Nou te ka gen 11 lane konsa. Mwen menm Ki te toujou reve fè konesans ak jwèt sa a, pa t’ pran lontan pou m’ rasanble tout ekip spòtif mwen an, pou n’ kòmanse eksperimante jwèt brital sa a. Nou vin pratike l’ plis pase tout lòt jwèt nou te konn jwe yo.

TÈREN GABYON (Land Des Gabions)

Ekip la vin tèlman grandi, ke ti espas nan vil la yo pa ka Kenbe gwo klèb sa a Nou genyen an 😂. Nou mennen demach, e Nou vin jwenn opòtinite pratike sou tèren GABYON. Se nan konsa, 2-3 jèn ozalantou tèren an, vin tombe damou jwèt la tou. E se la a, nou pra l’ pwopoze yo fè yon ekip 20 jèn, pou n’ ka planifye yon Match ant klèb nou an, ak klèb Dèyè Fò a.

RANDEVOU KASE MIDI, SOLÈY CHO

Tout moun te la alè. Tèren Gabyon plen kou ze, ant fanatik ak jwè. Polo, ki te sanse ekspè nan jwèt la, avè m’ kòm asistan l’, ap eksplike jèn lòt ekip la, Ki pra l’ fè konesans pou lapremyè fwa ak jwèt la, kèk prensip sou Kijan pou yo atake ak defann. Mwen sonje premye BAGAY Polo di yo: PA GEN #TAK ⚠️!! Anpasan, m’ap tou di nou, pito nou pa t’ di yo sa 😂

JWÈT LA DEMARE

Yon ekip dotouni, yon ekip ak mayo. Gen sa ki pye atè, gen sa ki gen bagay nan pye. Pèsonn pa ak okenn pwotèj. Okenn Kondisyon de baz pou jwe jwèt la pa reyini ... Men, match la ap jwe. Chak moman li kanpe : “PAS YO DWE FÈT DÈYÈ” , “SE NAN REN POU NOU KENBE JWÈ YO”, “MESYE, TAK SA YO PA BON” ... se konsa moun ki panse yo pi konnen yo t’ap reprimande lòt ki fè eksè yo. 😂

JWÈT LA PRA L’ KANPE

Youn nan jwè dèyè fò yo pra l’ fè yon dènye tak ke menm foutbòl ak pye p’ap aksepte. Menm jwè nan ekip li yo pa t’ aksepte sa : KATON #WOUJ. Yo mande l’ soti. Li pa aksepte. Pawòl #sousou gentan ap pale ... VAKAM sou Land Des Gabions. 🙆🏽‍♂️ Pandan tan sa a, anpil nan jwè yo kòmanse santi doulè nan ti moman poz la. Ti figi nou rale anba solèy midi a. Nou ranmase Zafè nou, sa k’ap #bwete, sa k’ap joure, epi Nou kite tèren an ak yon dezolasyon.

Yon jounen nou t’ap tann, fini nan bri ak kont .. 😞

POU #LAJENÈS

Sa w’ ye jodi a, Kontribiye anpil nan sa ou pra la Ye demen. Pa gen aza nan lavi. Espri kolaborasyon ak òganizasyon kòmanse depi nan jèn laj ou. Anpil nan moun Ki pran #lidèship mouvman, oubyen ki pote inovasyon, kòmanse fè eksperyans Depi tou piti. Yo aprann de chak erè ke yo te fè. Yo kraze baryè Ki anpeche yo riske yo. #Reyisit depann anpil de nivo risk ou pare pou pran.

Li Enpòtan pou lajenès pase plis tan nan eseye BAGAY ki ka enpakte pozitivman kominote l’. Òganize chanpyona, Fè konkou konesans, Kreye klèb dans, Klèb lekti ... etc. Sa ap pèmèt ou konprann sosyete ki ap tann ou a. Diferan konpòtman ak refleksyon Ou pra l’ rankontre yo, pa diferan de sa ou pra l’ jwenn demen yo. Konsa, w’ap gen yon lide klè de sa lavi ye, tout Bon.

Jean Junior BOUTIN
www.jeanjuniorboutin.com

3 years ago | [YT] | 0

BEMAGZ

Gen yon nouvo pwojè nan wout wi lepèp!!

3 years ago | [YT] | 0