Welcome to Micah Agency.
On this channel you will learn professional sewing techniques, fashion design tips, and step-by-step tutorials to create beautiful dresses. With more than 20 years of sewing experience, Micah shares knowledge to help beginners and professionals improve their skills.
Micah Agency
Li difisil pouw jwenn yon moun mande yon moun konbyen so li te pran avanl jwenn some a paske pou majorite moun se rezilta ki konte
1er taye mwen kom yon elev ki te apenn tanmen ot kouti te ka pafe men nan mpap kache diw nan reyalite a mte remet kliyan plizye ki pat pafe e si te kounya ki tap pafe le map sonje yo
Gen ere mte fe ladan yo si se te kounya mpa tap fe yo rezon an se pa paske mpat konn sam tap fe men defwa lew two kwe nan tet ou wap bese gad ou e depiw bese gad ou wap fe ere
Jis poum diw pa kite trop konfyans nan tet ou few bese gad ou nan sa wap fe koz depiw bese gad ou ere ak echek ap pran plas sikse a
E toujou pran tan rakonte kote kotew soti, ere ou te fe avanw rive kotew ye a yon fason pouw ka raple sila ki nan wout yo chimen an pap fasil men depi gen: pasyans-disiplin-peseverans bon rezilta ap posib 🙏
#Micah
5 days ago | [YT] | 7
View 2 replies
Micah Agency
Eske aprann koud ak Micah itil ou?
Vini nou pale👇
1 week ago | [YT] | 18
View 4 replies
Micah Agency
Chak jou map fini pa rann mwen kont majorite Ayisyen pap kite defo depil pa yo li pa bon sa
Sa fe 3eme fwa moun sa komante anba Videyo mpat okipel men fwa sa mdeside reponn li e map bal love la kom msispek e deye sa li ye
Nan yon tan kote tout moun lib pou fe sa yo vle mpa we pouki yon moun pito gaspiye tanl nan veye sa yon moun ap fe olye li fe afe pal
#aprannkoudakmicah se chwa pam e mwen asimel
Mpa rantre 1 goud avel okontre se tanm ak enejim bay anplis Nan le mta sipoze al lage kom nan kabann mwen
Daye mwen ouve ak tout kritik e chak sa yon moun ekrim pou fem remake mrasirem mkorijel🙏
Mpa fel pou tout moun renmen men mfel pou sila ki te reve konn koud men ki pat gen mwayen an men Jodi a ki gen telefon ak entenet
Yon moun ki twouve mwen gon pwoblem sa se opinyon paw 🤷
Ou jije sim pat chich le yon Videyo lage li ta dwe Pete plafon sa se pwoblem paw pi red
Sa ki enpotan pou mwen se jwenn moun ki konn enpotans Sam deside ba yo a e ki anbrasel
Daye nou tout konnen ki kalite Videyo Nou fe Pete plafon ak pataje e se pa peye yo peye Nou
Banm tet mwen 👌
#Micah
3 weeks ago | [YT] | 5
View 0 replies
Micah Agency
Siw ta renmen patisipe nan seyans inifom lekol lan ansanm ak Micah ekri nou sou +509 4217-4545 pouw ka antre nan gwoup la
1 month ago | [YT] | 19
View 0 replies
Micah Agency
Mesye dam si nou we pos sa ekrim svp
1 month ago | [YT] | 4
View 2 replies
Micah Agency
Semenn pwochenn kou sou inifom yo ap komanse eskew pare 💁
1 month ago | [YT] | 42
View 9 replies
Micah Agency
Pa janm bliye sa:
Pesonn pa pafe men devwa w se leve chak maten ak yon lot fos, yon lot eneji ak konviksyon pouw konbat lavi👌
#Micah
#motivation #objectif #determination
2 months ago | [YT] | 9
View 0 replies
Micah Agency
Nan lavi, se pa kantite fwa w tonbe ki defini kapasite w men se kantite fwa w leve chak fwa w finn tonbe 👌
Chak difikilte toujou mache ak yon opòtinite (pou w aprann, grandi, ak vinn pi fò) 👊
Toujou trete tout moun ak respè, lanmou, ak konpasyon. Jantiyès ou ka chanje jounen yon moun e menm lavi l🙏
Kwè nan tèt ou, travay pou sou rèv ou yo, e toujou kenbe kè w pwòp👌
Yo pa mezire Siksè gras ak sa w genyen sèlman, men yo mezire l tou ak enpak pozitif ou kite nan lavi lòt moun 🙏
✨ "Lè w ede yon lòt moun leve, sa ba w plis fòs ak enèji pou w monte pi wo." ✨
Bon mwa Jen!
#Micah
#micahagency #Motivasyon #Imanite #Respè #Lanmou #PaJanmBayVag 💙
2 months ago | [YT] | 11
View 2 replies
Micah Agency
Gon peryod siw pa mete djazz sa denye Dimanch mwa Me
Ou gon sel etiket: li konn bat manmanl 💁
#Flèdèmè se te yon fyete pou timoun ak ado ane 70, 80 ak 90 yo
E li te konn yon tristes pou sila ki te pedi manman yo le yo we yon timoun ak sa ki wouj la yo menm yo pote mov, nwa oubyen blan
Siw te yon timoun ki pat konn tande manmanw fow ta gen anpil kran pouw ta leve jou Dimanch sa pouw ta al tachel devan rad li e ap pou malew 🙈
Malerez son tradisyon ki disparet apre ane 2000 e jenerasyon sa pap konprann enpotans ti flè sa e fyete te konn fe gen timoun ki tache nenpot 3 devan rad yo
#souvenirs #tbt #fleurdesmeres #Haiti #micahagency
2 months ago | [YT] | 11
View 2 replies
Micah Agency
Eskew ta renmen m montrew fe kosaj kol tenis, Jip plise ak Jip plikano pouw ka fe kob nan inifom ane a 🤷
#aprannkoudakmicah #couture #enligne #micahagency #micahecoledart
2 months ago | [YT] | 48
View 16 replies
Load more