LANG MWEN TOUPATOU se yon platfòm k'ap ede kominote Ayisyèn nan aprann lang Anglè ak kouraj, pasyans, ak pasyon. Travay nou an ap ede tout Ayisyen tout kote sou planèt la gratis ti cheri, sitou sila yo k'ap viv USA kote Anglè se yon gwo baryè pou yo ki enpeche yo avanse.
Ankouraje travay nou / Support our work
Kontakte nou nan: langmwentoupatou@gmail.com
Fe yon Don pou ede travay nou an oubyen pou ede yon jèn an Haiti aprann pale Anglè : shorturl.at/378vO
LANG MWEN TOUPATOU
What comes down but never goes up?
What am I?
Kisa ki desann men ki pa janm monte? Kisa m ye?
3 months ago | [YT] | 20
View 1 reply
LANG MWEN TOUPATOU
Youn nan pawòl m toujou e ki make m se "M TOUJOU GENYEN E M'AP TOUJOU GENYEN (I always win and I will always)" m pat menm ko konprann ke m se yon ganyan (winner).
1- Pami aviwon 300 milyon spèmatozoyid SE MWEN KI T GENYEN _ M S'ON CHANPYON.
2- Mwen pa grandi ak manman m. Mwen pase kèk ra moman avè l (Pou m pa di 2, 3). Foto sa a m poste m oblije poste l men l pa fin renmen foto l poste. Se foto kote m t al wè l Kay vwazen (RD) nan lane 2020, se lè m t pase plis tan ak li nan vi m. Lè m t Kòmanse eksplike kèk bagay etranj ki t'ap pase m Nan lavi, li t oblije rakonte m kèk bagay sou nesans mwen.
Li fè m konprann ke l t ansent mwen Nan laj 14 lane (trè timoun, li t trè bèl) , men kont volonte l yo t bal remèd pou jete m - li t di m Yon lòt bagay yo t fè lè remèd pa t ka Jete m ke m pa deside pale la a, plis jouman li t jwenn Nan bouch granmoun li.
YON 2ÈM FWA M CHANPYON.
E POU TÈT SA NANM MWEN MODI AVÒTMAN
Tout tan m t'ap grandi byenke m pa t ko gen pitit e m pa t ko konnen si yo t'ap jete m diran gwosès - m t toujou di kèlkeswa fi ki ansent pou mwen li pa'p ka jete pitit mwen, e si l pèsiste l'ap mouri. Dòdinè avan timoun mwen fèt mwen wè timoun nan e dekri koulè li ak fòm vizaj li avan li fèt. 2èm pitit mwen se mwen ki t anonse manman an ke li ansent e ki jan de timoun l'ap fè. Ankachèt li t al eseye Jete li. Remèd sou remèd, piki, elt, nadmarinad. Nan somèy li li t wè yon moun vin di li W'AP BAT KÒ W SI W PÈSISTE SE OU K'AP MOURI - LAPERÈZ T FÈ L BAY VAG , jodia ti pitit sa a se yon ti jeni, e pitit li plis renmen. M gen anpil ke m t ka di, men m pa renmen pale de vi pa m an piblik, e menm mwen m pa fin twò konprann vi pa m - OU PA MENM BEZWEN CHACHE KONPRANN MWEN PASKE MWEN M PAKO KA FIN KONPRANN MWEN 😃.
MWEN RAYI AVÒTMAN!
3- Pandan anfans mwen lavi pa t fasil pou mwen. Grann mwen ki t grandi m fè m konnen Avan l mouri ke nan anfans mwen mwen t malad anpil, Nan yon moman m t pèdi konesans Pou li m pat vivan ankò. Fòs onb lan pat vle mwen rete vivan paske l konnen sa m vin fè.
M toujou di tout moun ki ta swete wè m mouri ke m mouri deja (m gen anpil lòt egzanp ke m pa ka di la a) e ke si w'ap pouswiv mwen se ou k'ap ale pi vit avan. M'ap ale lè lè m rive Pou m ale e lè m fin fè sa m vin fè a.
Onè ak manman m e papa m paske yo t aksepte pote m isi a.
M RAYI AVÒTMAN! JOU M GEN POUVWA M'AP ELIMITE LI E SE PÈN DE MÒ K'AP GENYEN POU TOUT NÈG KI PA OKIPE PITIT YO OU VYOLE YON MOUN.
SE YON GWO KRIM LÈ YON MOUN MARE YON PITIT NAN VANT YON FI - OU METE YON NANM NAN PRIZON - OU ENPECHE YON MOUN WÈ LAVI.
TOUT PAKOU SA YO FÈ M RAYI ENJISTIS - DEPI W'AP FÈ ENJISTIS M NÈVE SOU OU SAN RANN KONT E SI W FÈ M ENJISTIS AVAN W MOURI W'AP PEYE L, E JISKA 7ÈM JENERASYON W (menm fim m'ap gade depi y'ap bat yon lòt pou anyen m gentan soufle anlè m anvi goumen).
M p'ap di tèt mwen BÒN FÈT jodia non, men pito m'ap di MÈSI pou LAVI, LASANTE, KOURAJ ak MOSO KONPRANN ke lavi anseye m.
5 months ago | [YT] | 99
View 14 replies
LANG MWEN TOUPATOU
20 Bank Words That Confuse Haitians in the U.S. (With Creole Meaning!)
https://youtu.be/NrU4B1uBCEw
6 months ago | [YT] | 0
View 0 replies
LANG MWEN TOUPATOU
Ranpli fraz la / Complete the sentence:
“They are ______ dinner together.” 🍽️
🗣 Kisa ou panse ki manke nan fraz la?
✅️ Verbs you can use / Vèb ou ka itilize: eat / have
6 months ago | [YT] | 13
View 2 replies
LANG MWEN TOUPATOU
Kiyès Moun ki ka ekri fraz sa a👇:
/maɪ ɡəʊl ɪz nɒt tə biː ˈbɛtə ðən ˈɛniwʌn ɛls bʌt tə biː ə ˈbɛtə ˈvɜːʃən əv maɪsɛlf/
6 months ago | [YT] | 5
View 0 replies
LANG MWEN TOUPATOU
Si w gen pitit lekòl Ozetazini – Gade sa avan reyinyon ak pwofesè yo!
https://youtu.be/a-fLwaOfcxY
7 months ago | [YT] | 1
View 0 replies
LANG MWEN TOUPATOU
English in Church: Learn Useful Words & Phrases (with Kreyòl)
https://youtu.be/jdpsnXjwwFM
7 months ago | [YT] | 1
View 0 replies
LANG MWEN TOUPATOU
Haitian Flag Day! Surprising Things You Never Knew about Haiti.
https://youtu.be/XB1Cxq2fvTg
7 months ago | [YT] | 3
View 0 replies
LANG MWEN TOUPATOU
Can’t talk to your Doctor? English Phrases for Haitians in the US
https://youtu.be/2ASTKbi1gKM
7 months ago | [YT] | 20
View 2 replies
LANG MWEN TOUPATOU
Hello my beautiful community!
It’s been over a year since I last posted a video... and I’ve missed you more than words can say.
But guess what? I’m coming back very soon—with fresh, exciting videos just for you!
Your support means everything to me.
PLEASE LEAVE A COMMENT:
✅ Are you ready for my return?
✅ What’s the first video you want me to create for you?
I'M WAITING TO HEAR FROM YOU—LET'S MAKE THIS COMEBACK UNFORGETTABLE!
Hello fanmi m yo!
Sa fè 1 an ak plizyè mwa depi m pa poste videyo... e mwen t sonje nou anpil. Mèsi ak tout moun ki t sonje e ki t kontakte m pèsonèlman yo.
Mwen gen bon nouvèl! M'ap tounen trè byento—ak nouvo videyo resan ak enteresan, itil, sèlman pou nou!
Sipò nou vle di tout bagay pou mwen.
KITE YON KÒMANTÈ POU MWEN:
✅ Èske w dakò retou mwen an, e w'ap tann sa?
✅ Ki premye videyo ou ta renmen m kreye pou ou?
M'ap tann mesaj nou—ann itilize anglè a nan yon fason k'ap ede plis Ayisyen!
8 months ago (edited) | [YT] | 83
View 24 replies
Load more