Mwen se Clervens Clifton Dory, yon moun ki pasyone sou jesyon patrimwàn ak edikasyon finansye. Avèk yon diplòm nan medsin ke mwen te jwenn Ayiti ak yon karyè nan jesyon finansye nan Kanada, misyon mwen klè : ede fanmi ak moun pran kontwòl finans yo epi bati yon avni miyò.
Lajan souvan se yon sijè ki difisil pou pale, men li pa ta dwe konsa. Sou chanèl sa a, mwen pataje konsèy pratik, estrateji senp, ak zouti pou ede w reyalize objektif finansye w, kit se ekonomize, envesti, oswa pwoteje revni w.
Mwen kwè anpil ke sante finansye enpòtan menm jan ak sante fizik oubyen sante mantal. Ansanm, ann demistifye finans pou fè l tounen yon zouti libète ak trankilite.
Abone sou chanèl la pou dekouvri videyo ki enspire, edike, ak aksesib, ki pral gide w etap pa etap pou w rive nan endepandans finansye. Ann bati yon avni finansye solid ansanm ❗️